Labels

About Me

Showing posts with label Haitian Creole. Show all posts
Showing posts with label Haitian Creole. Show all posts

Lè w wè montay yo vini pi wo

| Wednesday, February 27, 2013 |

I
Batime te yon avèg
K te chita sou wout la
Li t'ap mande yo pa t okipe l
Pandan tout moun t'ap pase
Pandan l chita li tande yon bri
Li mande: "Kisa ki genyen?"
Yo di li: "Se Jezi de Nazaret k'ap pase nan vil la"


Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon






II
Batime rele: "Jezi pitit David la gen pitye.
Sèlman touche mwen m'a wè
Souple geri m."
Disip yo di li: "Fèmen bouch ou la"
Men Batime te kriye pi fò
Li pèsiste jouk li te jwenn lavi
Li bay Bondye glwa e li suiv Jezi


Lè anpèchman yo bare wout ou
Lè yo di w tout espwa pèdi
Lè w santi ou dezole, Bondye konn restore
Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/jesus-rescues-me.html
READ MORE - Lè w wè montay yo vini pi wo


Plas ou nan kè mwen

| Saturday, February 2, 2013 |

Mwen remèsye ou Sgnè Dye pou amou ou
Mwen ba ou glwa pou puisans ou anvlope mwen
Mwen remèsye w yon lòt fwa pou amou ou
Pou puisans ak gras ou kite avèk mwen

 Kè
Plas ou nan kè mwen
Mwen pap jamè ranplase li
Ou mèt antre vini ladann lè w deside
Vini kounye a, pita e w mèt vini demen
Ou mèt antre kay ou pou ou fè sa ou vle.
 
Submitted by Elijah Benaiah
READ MORE - Plas ou nan kè mwen


Li touche m

| Thursday, January 3, 2013 |

Li touche m
O! Li touche m
E lajwa te neye nanm mwen
Yon bagay te pase
Kounye a m konnen
Li touche m
Nan gran bonte li

Submitted by Sr. Natural

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/05/he-touched-me.html
READ MORE - Li touche m


Lord I give you my heart

| |

Lord I give you my heart
I give you my soul I live for you alone
Every breath that I take
Every moment I'm awake
Lord have your way in me

Submitted by Sr. Marabou Kreyòl Nazaire
READ MORE - Lord I give you my heart


O Segnè m'ap di w mèsi

| |

O Segnè m'ap di w mèsi
Pou sa w fè pou mwen
Si m pa nan yon tonbo
G'on rezon pou sa
Si m pa ta lwe non w
Mwen ta vrèman engra
Pou sa w fè nan vi mwne
M leve de men m anlè
Pou m kriye Ebenezè

Submitted by Sr. Rebecca Dorzin
READ MORE - O Segnè m'ap di w mèsi


David se te yon gran wa

| |

David se te yon gran wa
Li te leve danse
Devan lach Letènèl la
Li te leve danse
Lè lach la t'ap retounen
Nan kan Izrayèl yo
Li te leve danse
Louwe Letènèl
READ MORE - David se te yon gran wa


Bondye m nan si gran

| |

Bondye m nan si gran
Li mèveye, mève ye
Li enkonparab nan tout bagay
Mwen kwè nan li menm si m pa wè l
L'ap veye lavi m chak jou
M'ap lite pou m genyen laviktwa
READ MORE - Bondye m nan si gran


An nou leve men minis Bondye yo

| |

An nou leve men minis Bondye yo
An nou leve men minis Bondye yo
Si se pa t gras a yo menm
Kibò mwen ak ou ta ye?
Kanpe kote minis Bondye
K'ap travay fidèlman
READ MORE - An nou leve men minis Bondye yo


Di mwen non li ankò

| |

Di mwen non li ankò
Chante refren dou sa pou mwen
Li ki nan amou l
Desann sot anwo
Mouri sou lakwa
Wonte
Istwa sa boulvèse kè m
Istwa pi dous m te janm tande
L disparèt lapè
Li pot lespwa, lajwa
Di mwen non li ankò
READ MORE - Di mwen non li ankò


Gras pou m simonte tout eprèv yo

Gras pou m simonte tout eprèv yo
Gras pou m efòse m pou m kapab vin
Sanble ak ou
Gras pou m fè lemond konnen plan sali w
Tout sa m mande w
Jezi se fòs pou m reziste
READ MORE - Gras pou m simonte tout eprèv yo


Bagay ki pi mèveye

| |

Bagay ki pi mèveye
Ki nan vi m te janm rive
Lè l te fèm jwenn wout sa a
Louvri zye pou m wè kò a
Sa pi presye ke lò
Yon pèl gran pri, yon trezò
Lè l fè m vin yon pati
Nan kò de Jezi Kri
READ MORE - Bagay ki pi mèveye


Gen yon plas Segnè m'ap chèche nan ou

Gen yon plas Segnè m'ap chèche nan ou
Se pi gran richès mwen kapab jwenn nan tout lavi mwen
Kèlke swa sa va koute pou mwen peye pri a
Men se tout dezi mwen pou m atenn
Plas sa nan ou
READ MORE - Gen yon plas Segnè m'ap chèche nan ou


Sa se yon puisans ki desann sot nan syèl

Sa se yon puisans ki desann sot nan syèl
Li tresayi nanm mwen
Mwen pa ka achte l ak lajan mond sa a
Li pi presye pase lò ki pi fen an
Kounye a m jwenn li, mwen pa ka doute
Li tresayi nanm mwen
L'ape debòde pi plis e pi plis
Sentespri presye a
READ MORE - Sa se yon puisans ki desann sot nan syèl


Se chemen sa Lesegnè montre mwen

Se chemen sa Lesegnè montre mwen
Se chemen sa ki satisfè nanm mwen
Mwen va rete nan wout sa a
Pou m vin kon yon timoun piti
Se chemen sa Lesegnè montre mwen
READ MORE - Se chemen sa Lesegnè montre mwen


Syèl la prepare pou nou

| |

Syèl la prepare pou nou
Pou bote l ak esplandè l
Zye pa janmen wè
Jezi figi w mwen va wè
M pa rich sou tè sa a
Gad sa k'ap tann mwen anwo
READ MORE - Syèl la prepare pou nou


Reyèl

| |

Reyèl, reyèl
Jezi reyèl pou mwen
Reyèl, reyèl
Jezi reyèl pou mwen
Menm si tout moun doute
Mwen pa ka viv san li
Se pou sa mwen si renmen li
Jezi reyèl pou mwen
READ MORE - Reyèl


Presye Jezi

| Saturday, December 29, 2012 |

Presye, presye Jezi
Zanmi sèten
Jiska lafen
Li ofri kò l pou mwen genyen lavi
Jezi, presye Segnè
READ MORE - Presye Jezi


Pou ki lonè?

| |

Pou ki lonè?
Pou ki laglwa?
Pou ki twòn yo ki nan syèl la a?
Se pou moun ki mennen yon vi
Yon vi sanktifye pou Lesegnè
READ MORE - Pou ki lonè?


O Segnè ala m ta malere

| |

O Segnè ala m ta malere
Richès mond sa a pa ka sèvi m anyen
Si pou m ta rich nan mond sa a
E pou m ta pèdi nanm mwen
O Segnè ala m ta malere
READ MORE - O Segnè ala m ta malere


O wi n'ap antre nan yon jou nouvo k'ap leve

O wi n'ap antre nan yon jou nouvo k'ap leve
Limyè Bondye prale sèt fwa pi klere
Pandan lòd ap restore, yon legliz gloryez ap pare
Pou n'al prezante pafè bay Jezi
READ MORE - O wi n'ap antre nan yon jou nouvo k'ap leve


Labels

Blog Archive