Labels

About Me

Dlo Nan Je N Yo S'on Langaj

| Thursday, August 2, 2012 |

Souvan n'ape mande
Pouki n gen dlo nan je?
Chaj yo sanble yo twò lou
Pou nou pote
Men bondye tou prè nou
Li wè dlo nan je nou
Dlo nan je n yo s'on langaj
Bondye konprann


Bondye wè dlo
Nan je yon nonm k'ap soufri
Li wè e l tande
Lè yo ape rele
Bondye konn kri kè lòm
Li pase l pran men li
Dlo nan je n yo
S'on langaj Bondye konprann

II
Lè tristès fin kraze w
Li kite dlo nan je w
Tout sa w t'ap tann
Pa fèt jan w te espere
Bondye pa bliye ou
Pwomès li yo sèten
Dlo nan je n yo
S'on langaj Bondye konprann

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/tears-are-language-god-understands.html

Thank you sister Vanessa Cormier and Annouchka


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive