Labels

About Me

Menm Si N Ta Ret Sou Jenou Nou

| Tuesday, April 29, 2008 |

MENM SI N’ TA RET
SOU JENOU NOU
POU N’ ADORE L’
MENM SI N’ TA MACHE TOUPATOU
POU N’ PALE DE LI
E MENM SI KÈK FWA
N’ SANTI VWA N’
TWÒ PITI POU N’ LOUWE L’
MENM SI LE MOND ANTYE
TA TWOUBLE AK BRI
LOUANJ NOU YO
NOU PA T'AP JANM SANTI L’ASE
NOU PA T'AP JANM KAB SATISFÈ
SA PA T'AP JANM KAB SIFI
POU GRAN BONDYE NOU AN

ALA OU BON SOVÈ BENI
OU BON POU NOU VRE
OU SE TOU PUISAN
NAN LAVI NOU
SI N’ TA PRAN KONTE MÈVÈY OU
NOU P'AP JANM FINI
OU ENSONDAB OU PA GEN BOUT
MENM SI N’ TA FÈ DIMIL ANE
NOU P'AP TA JANM FIN LOUWE W’
READ MORE - Menm Si N Ta Ret Sou Jenou Nou


M' Santi M Byen Nan Nanm Mwen

| Friday, April 25, 2008 |

I
LAPÈ TANKOU RIVYÈ
AP KOULE NAN NANM MWEN
MENM SI EPRÈV YO TA ANPIL
KÈLKE SWA SOUFRANS
JEZU APRANN MWEN DI
M’ SANTI M’ BYEN (2X)
NAN NANM MWEN


M’ SANTI M’ BYEN
NAN NANM MWEN (2X)

II
ENNMI AN MÈT FACHE
GWO CHAGREN MÈT VINI
KONFYANS MWEN NAN LI
L' GEN KONTWÒL
MEN KRIS AP GADE
TOUT SA M’AP SUPÒTE
KA L’ TE SOUFRI
POU NANM MWEN VIN LIB


English version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/06/it-is-well-with-my-soul.html
READ MORE - M' Santi M Byen Nan Nanm Mwen


Disons, Alléluia

| Thursday, April 24, 2008 |

I
O! Levons donc nos coeurs vers Dieu
Pour tout ce qu'il a fait pour vous ses enfants
Il est digne de recevoir tout notre amour
Laissons nos coeurs chanter

Refrain
Disons Alléluia
Disons Gloire à Dieu
Tout doucement, chantons
Nos coeurs au même ton

2
Faisons éclater notre voix
Chantons de tout coeur pour la gloire de son nom
En ce grand jour si spécial à nous tous
Laissons nos voix chanter


English version:http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/sometimes-alleluia.html
READ MORE - Disons, Alléluia


O! WI, GRAS JEZU SIFI POU MWEN

| Wednesday, April 23, 2008 |

I
ANPIL FWA MWEN AP VOYAJE
M’JWENN TRAKA NAN TOUT JOU M YO
SOUVAN M’ GEN DOULÈ AK CHAGREN
E GEN PROBLÈM NAN WOUT LA
WI, MWEN GEN YON GRAN ASIRANS
JEZU AP GIDE NANM MWEN
SE NAN JEZU K’ GEN FÒS
POU TOUT BEZWEN


O! WI, GRAS JEZU SIFI POU MWEN
AMOU LI SI ABONDAN, SAN LIMIT
E JWA RANPLI NANM MWEN
FÈ M KONNEN MWEN KONNEN,
WI, KE GRAS JEZU SIFI POU MWEN

II
LÈ ENNMI SIMEN KONFIZYON
E MWEN PA KONN SA POU M FÈ
KA M KONNEN DESANN SOU JENOU M
BAY JEZU, LI VA WÈ MWEN
E TOUT BAGAY CHANJE AN VIKTWA
MWEN PA GENYEN KRENT ANKÒ
WI SE NAN LI KI GEN ESPWA CHAK JOU


English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/05/his-grace-is-sufficient-for-me.html
READ MORE - O! WI, GRAS JEZU SIFI POU MWEN


Going Home

| Tuesday, April 22, 2008 |

MANY TIMES IN MY CHILDHOOD
WHEN WE’D TRAVEL SO FAR,
BY NIGHTFALL HOW WEARY I’D GROW
FATHER’S ARMS WOULD SLIP ROUND ME,
SO GENTLY HE’D SAY,
“MY CHILD, WE’RE GOING HOME”

CHORUS
GOING HOME, I’M GOING HOME
THERE’S NOTHING TO HOLD ME HERE
WELL, I’VE CAUGHT A GLIMPSE
OF THAT HEAVENLY LAND
PRAISE GOD, I’M GOING HOME

II
NOW THE TWILIGHT IS FADING
AND THE DAY SOON SHALL END;
I GET HOMESICK THE FARTHER I ROAM
BUT MY FATHER HAS LED ME
EACH STEP OF THE WAY,
AND NOW WE’RE GOING

III
OH MY HEART GETS SO HEAVY
AND LONGING TO SEE ALL MY LOVED ONES
AND FRIENDS I HAVE KNOWN;
EVERY STEP DRAWS ME NEARER
TO THE LAND OF MY DREAMS, PRAISE GOD,
I’M GOING HOME



Creole version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/07/mwen-pral-lakay.html
READ MORE - Going Home


Nou Gen Yon Jwa K'ap Ret Tann Nou

| Thursday, April 17, 2008 |

I
MENM LÈ NOU JWENN GWO VAN
K'AP TRAKASE NANM NOU
SE POU N DISPOZE
PRAN SOUFRANS YO
WI MWEN TANDE YON VWA K PALE
KI FÈ’M KONNEN
G’ON JWA ETENEL KAP RET TANN NOU


KAP TANN NOU
PA NAN MOND SA A
N PRAL SANTI N BYEN
SAN PECHE
CHAN VIKTWA SA A
YO NAN SYÈL LA
NOU VENKÈ YO KI VA LA a
AK LA FWA AN N KOURI VIT
AVÈK TOUT SPLANDÈ JOU YO
DOUT AK KRENT DISPARÈT
N VA KONNEN
N TE KONNEN

II
AN NOU TOUJOU DISPOZE
POU TÈS N’AP PASE
AVÈK PAWOL MINIS BONDYE YO
NAN YON TI TAN NOU VA DEMERE
NAN GLWA LI
G’ON JWA ETENEL
K'AP RET TANN NOU


NOU GEN YON JWA
K'AP RET TANN NOU
PA NAN MOND SA A
KOTE NOU TOUT
PRAL SANTI NOU BYEN SAN PECHE
BÈL CHAN VIKTWA SA-A
ZANJ YO NAN SYÈL LA A
SE NOU VENKÈ YO KI VA LA A
NOU PÈP BONDYE AVÈK LA FWA
AN N KOURI VIT
NWIT LA PRAL PASE
AVEK TOUT SPLANDÈ JOU YO
P'AP GEN DOUT AK KRENT
YO PRAL DISPARÈT
E NOU VA KONNEN
WI N TE KONNEN
READ MORE - Nou Gen Yon Jwa K'ap Ret Tann Nou


OUI QU’IL SOIT NOTRE SEIGNEUR

| Wednesday, April 16, 2008 |

I
HONNEUR ET GLOIRE SOIENT AU SAUVEUR
JÉSUS NOTRE ROI
MORT POUR NOUS SAUVER DE LA FOSSE
OUI DE LA FOSSE
VOUS TOUS SAINTS APPORTER AVEC JOIE TOUS VOS TRIBUS
COURONNONS-LE NOTRE SEIGNEUR

CHŒUR
OUI QU’IL SOIT NOTRE SEIGNEUR
TOUT LE LONG DU CHEMIN
A LUI APPARTIENNENT
TOUTES HONNEURS ET GLOIRES
DONNONS-LUI TOUT NOTRE AMOUR OFFRONS-LUI NOS LOUANGES
TOUJOURS IL DEMEURE
L’OBJET DE NOS CHANTS
OUI PERDU, DE LA NUIT
IL NOUS SAUVA DE LA FOSSE
OUI DE LA FOSSE
AVEC NOS CHANTS D’ALLÉGRESSE
EXALTONS SA PUISSANCE
OUI COURONNONS DONC
LE SEIGNEUR DE TOUS

II
NOUS QUI AIMONS CE PUISSANT
ET MERVEILLEUX SAUVEUR
QUI SAIT COMPRENDRE TOUS NOS SOUPIRS
FAISONS RETENTIR NOS LOUANGES
JUSQU’AU SAINT TRONE
DE NOTRE SEIGNEUR INCOMPARABLE

III
DE SON TRONE L’ETERNEL
ENTOURE DE TOUTE GLOIRE
IL VOIT CHACUNE DE NOS ŒUVRES
CHRETIENS CHANTONS L’HISTOIRE
DE CE MERVEILLEUX AMOUR
DE NOTRE SEIGNEUR INCOMPARABLE
READ MORE - OUI QU’IL SOIT NOTRE SEIGNEUR


Se sèlman sa k rachte yo

| Tuesday, April 15, 2008 |

I
Lè mwen gade tout kote mwen
Nan jou sa yo n ap viv ladan l
Mwen mande konbyen tan sa a va pran
Jouk lè papa m va lonje men l
Pou l touche pitit li sou zepòl
Men sa l di Jezu
Mennen fanmi an vin jwenn mwen lakay


Se sèlman sa k rachte yo
K va tande vwa l nan jou sa a
Lè l vini nan nye la glwa li
Pou l pran nou tout avè l
Kous nou alò va fini
E mò nan Kris yo va leve
E nou menm ki vivan nan Jezu
Va chanje nan yon vye p ti moman

II
Si nou kontinye ape mache
Nan limyè ki devan nou an
Bonte Bondye avèk plan l
Va revele avèk pèp li k ape lite
Pou yo ka gen lavi etènèl
E glwa Bondye avèk fas li nou va wè l
READ MORE - Se sèlman sa k rachte yo


Toujours joyeux

| Monday, April 14, 2008 |

A wedding song

I
En route vers le céleste rivage
Oh! chers époux unis dans le Seigneur
N'oubliez pas dans ce nouveau voyage
Qu'en Jésus seul se trouve le bonheur (bis)

II
Toujours joyeux, entreprenez la course
En rejetant tout fardeau, tout péché
Persévérant, abreuvés à sa source
Sur Jésus seul, le regard attaché (bis)

III
Toujours joyeux à l'abri de son aile
Sans vous lasser suivez l'agneau divin
Alleluia! Ce grand ami fidèle
Vous conduira chaque jour par la main (bis)

IV
Toujours joyeux, car Jésus qui vous aime
Ne peut changer, il est le guide sûr
Hier, aujourd'hui, demain, toujours le même
Il connait tout passé, présent futur (bis)
READ MORE - Toujours joyeux


Pran men mwen

| Friday, April 11, 2008 |

Lyrics and melody by Nundia Louis for 12/2007 wedding at FGO

Ayè
Avan solèy la leve
Kè m t ap chèche
Kè w t ap chèche
Yon mòso ki te manke
Pou konplete n
Pou egeye n
Pou n di


Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

N va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye

II
Ala
Yon maten mèveye
Lè mwen leve
E w bò kote m
Se pa jwenn ke mwen jwenn ou
Se mirak Bondye
Nan lavi nou
Pou n di


Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

N va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye

(Forte)
Bondye te tande kri kè nou
LI FE N VIN YOUN
Pou n sèvi li

Nan lapèn, nan soufrans
Kè kontan ak lajwa
N va priye-e

Pou n rete ansanm
Jouk n al laka-ay!


(Piano)
Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

(Forte)
N'va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye
READ MORE - Pran men mwen


An N Briye Chak Jou Sou Wout Lavi a

| Thursday, April 10, 2008 |

I
An n briye chak jou sou wout lavi a
G'on akansyèl lanmou sou lanmè ak tè a
Pou mwen menm ak ou
G'on akansyèl lanmou

II
Men li ap klere tankou yon fen len
Li toujou parèt anwo syèl la a
Nyaj yo rasanble nan move tan yo
Gen yon akansyèl lanmou

III
Si w santi ke w tris
Men ou pral kontan
Gen yon akansyèl lanmou
Swiv li kote l f è sa ki byen
Gen yon akansyèl lanmou

IV
Lè nou fin janbe gwo vag lanmè yo
Gen yon akansyèl lanmou
Men li ap klere, O, sou gran twòn blan an
Gen yon akansyèl lanmou
READ MORE - An N Briye Chak Jou Sou Wout Lavi a


Peche m yo ale, alelouya!

| |

I
Glwa pou Bondye m nan
M kontan Jodi a
Jezi te fè m vin byen
Li pran peche m yo
Ak tout wont mwen yo
O! Wi, l sove nanm mwen


Peche m yo ale, alelouya!
Mwen louwe non l
M te lib lè l te vini
Avèk gran amou l
Li pran tout fot mwen
O! Wi, l sove nanm mwen

II
M'ap chante louanj Jezu wa mwen an
M kontan sou tout wout la a
Li peye dèt mwen e fè nanm mwen lib
O! Wi, m pou li jodi a

III
Glwa pou Bondye m nan
Tout peche m ale
Li gade m nan amou l
M'ap ba l louanj li
Pandan mwen prale
Tout glwa se pou Bondye
READ MORE - Peche m yo ale, alelouya!


Yon jwa reyèl

| |

I
Tout vrè bonè nou se nan Jezu
Tout lavi nou ranpli ak favè l
Nou gen yon chans viv dwat nan je li
Bonè nou nan Jezu


Yon jwa reyèl
Nou pataje youn ak lòt
Nou jwenn yon sekrè
Se Jezu Kris nan kè n

II
Wi nou ere lè n nan Bondye
Jezu ak kou mare nan lanmou
Nan yon sèl esprin n ret uni pou tout tan
Bonè nou nan Jezu

III
Vrè bonè lè n padone youn lòt
Sa a vo lapenn pou nou viv ansanm
Nan yon sèl fwa n'ap peye pri a
Bonè nou nan Jezu
READ MORE - Yon jwa reyèl


Zanmi mwen sa ou vle Pou w ye nan tanp la a

I
Nan ti tan n'ap viv la a
Gen yon gran travay k'ap bati
Li bon pou nou konnen
Legliz Kris ap bati
Achitèk l'ap trase plan l
Fondasyon an deja fèt
Mason ap leve mi


Zanmi mwen sa ou vle
Pou w ye nan tanp la a
Eske w ta renmen
Pou w sèvi echafo
Se ta byen malere
Aprè yon si gran travay
Pou mwen pa ta yon pati
Nan lèv Kris la a

II
Materyo ap pare nan andwa diferan
Men sa pa anpeche yo rasanble ansanm
Lè lè a va rive
Pou ajustaj la fèt
Tout eleman yo va jwenn
Vrè plas yo trè fasil

III
Nan tout konstriksyon k'ap fèt
Pa Kris la diferan
Li depase tout imajinasyon lèzòm
Lòt ouvriye ap kopye
Sou li men se p'ap menm
An depi kiryozite
Yo p'ap janm fin konprann

IV
Malgre nonb ouvriye
Tout dwe travay nan lòd
Chak moun gen pou pran gad
Ak fason y'ap travay
Daprè lòd ki pase
Nou pa dwe tande bri
Poutan travay l'ap mache
Sa a se yon gran mistè
READ MORE - Zanmi mwen sa ou vle Pou w ye nan tanp la a


Solèy la a kouche men nou pral wè l leve

I
Nou se pèleren nan bye mond peche sa a
E n'ap espere pou n ka gen kouwòn sa a
Pandan nou ap sèvi li nan ti tan sa a
Solèy la a kouche men nou pral wè l leve


Solèy la a kouche men nou pral wè l leve
Bote syèl la a fè tout lonbraj yo ale
Glwa Bondye ap tann lè nou va libere
Solèy la a kouche men nou pral wè l leve

II
Byen lwen nou te ye
Men n nan viy li jodi a
Pou nou kapab toujou ede sovè nou an
Pandan nou ap sèvi li nan ti tan sa a
Solèy la a kouche men nou pral wè l leve

III
Byen ke pye n fatige n'ap gen batay la a
An n kwè nan pwomès ke n te tande l te fè
Pandan nou ap sèvi li nan ti tan sa a
Solèy la a kouche men nou pral wè l leve
READ MORE - Solèy la a kouche men nou pral wè l leve


Mwen konnen l vivan

| |

I
Bondye voye pitit li, li rele Jezu
Ki te vini e padone n
Li rachte nou, e li mete nou lib
Kounye a li ak Papa l ap rete tann nou


Mwen konnen l vivan
M'ap konte sou demen
Paske l vivan enkyetid yo ale
Paske m konnen, O! M konnen.
Li se tout lavi mwen
M'ap konte jou pou l vin chèche m
Paske l vivan

II
Mwen aksepte tout sa a ki rive mwen
Paske Sovè m ap defann mwen
Jouden an mèt devan m kè mwen p ap boulvèse
Paske Jezu m nan p ap mouri e li vivan

III
Tout espwa mwen se sou li sèlman
Paske li di m l'ap vin chèche m
Eprèv nan lavi sa a p ap fè m twouble ditou
Bondye m nan gran e li vivan m'ap ret tann li

English Version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2011/10/because-he-lives.html
READ MORE - Mwen konnen l vivan


Oh! Le roi reviendra

| |

I
Quand la place du marché est vide
Dans les rues plus de traffic
L'outil du constructeur cesse
Plus de temps pour moissonner
Les ménagères cessent leur labeur
Point de débats sur la cour
Toute la terre suspend son travail
Comme le roi rentre à la porte

Choeur
Oh! Le roi reviendra
Le roi reviendra
La trompette s'est fait entendre
Et sa face je verrai
Oh! Le roi reviendra
Le roi reviendra
Gloire à Dieu
Il viendra pour moi

II
Des joyeux visages
Remplissent l'allée
Ceux dont leurs vies
Furent rachetées
Des demeures brisées réparées
Et d'autres libres de leurs prisons
Petits enfants et viellards
Se tiennent la main dans la main
Paralysés et estropiés
Se vêtirent de vêtements blancs

III
J'entends le roulement de chariots
Je peux voir la marche de la foule
La trompette de Dieu retentit
Pour la fin de tous les maux
Les robes royales sont dépliées
Les grands du ciel se tiennent debout
Le choeur du ciel s'est assemblé
En chantant grâce infinie.
READ MORE - Oh! Le roi reviendra


La a p ap gen soufrans ankò

| |

I
Moyiz kondui Izrayèl
karantan nan fredi
Li kondui yo nannwit
Malgre yo di retounen
Moyiz di:
"Kontinye! Kanaran tou prè nou."


La a p ap gen soufrans ankò
Nan matine sa a
Kote n pral ye pou tout tan
Lèt ak myèl ap koule
Kote nou pral ye a
Nan kanaran tou prè nou

II
Malgre n travèse vale
Nou monte gwo mòn yo
N' p ap kite batay la a
Nou dwe pou n tankou Moyiz
Pou n kontinye wout la a
Kanaran tou prè nou

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/06/canaanland-is-just-in-sight.html
READ MORE - La a p ap gen soufrans ankò


Ouvri zye m yo

| |

I
Segnè voye sa a ki bon pou nanm mwen
Verite ou, mizèrikòd, fòs nan lavi mwen
Men kounye a tande kri tout priyè m yo
Chanje kè mwen, netwaye mwen
Montre m fas ou


Ouvri zye m yo, montre m fas ou
Fè m yon lòt moun ak lespri ou
Touche m ak gras ou, fè panse m yo
Ak tout sa a k nan mwen yon glwa pou ou
Mwen fikse zye m sou ou Segnè
Montre m fas ou

II
Kòman fè, Segnè, ou rele m zanmi ou?
M' mande w padon pou tout sa a m fè ou
Lave peche m yo
Lè m reveye, m wè m'ap janbe gwo dlo sa a
Men mwen devan w, m'ap imilye nan pye w, Segnè.
READ MORE - Ouvri zye m yo


N'ap tann toulèjou

| |

I
Isi ba nan lemonn sou tè etranje
Nou se pèleren n'ap vwayaje
Avèk yon chay doulè
Tout moun meprize
N'ap tann yon bèl site anwo a


N'ap tann toulèjou
Tann yon bèl site
La a pa p gen mouri
Jamè non jamè
Avèk tout sen yo
Tout sen venkè yo
Pa p janm separe
Pou letènite
N'ap jwenn nan syèl la a
Avèk sovè a
La a nou tout ap jwenn
Ak tout venkè yo
Voye lespri ou
Ranpli yo Segnè
Kouvri yo Segnè
Ban n fòs pou n rive

(Alto & Bass)
N'ap tann yon bèl site
La a pa p gen mouri
Ak tout sen venkè yo
Pa p janm separe
N'ap jwenn ak sovè a
Ak tout venkè yo
Voye lespri w Segnè
Ban n fòs pou n rive

II
Kèk fwa n dekouraje
Kè nou atriste
Ka tout zanmi nou yo kite nou
Nou jwenn lakontantman
Nan bèl pwomès sa a
N'ap tann yon bèl site anwo a

III
Sou latè danje sa a
Nou pral toupatou
Nou konfye n nan lanmou sovè a
Byen ke nou etranje
Nan monn traka sa a
N'ap tann yon bèl site anwo a
READ MORE - N'ap tann toulèjou


Va gen lapè nan vale a

| |

I
Mwen si bouke e m fatige
Men fò m kontinye nan wout la a
Jis Lesegnè vin rele mwen
Pou mwen ale. O! Wi.
Se yon mate ki klere
Ayo a se limyè
E lanwit la a va bèl
Kon la jounen. O! Wi.


Va gen lapè nan vale a
Pou mwen yon jou
Va gen lapè nan vale a
Pou mwen. Segnè m priye w
Pa va gen tristès
Ni chagren, ni traka, n' va wè l
Va gen lapè nan vale a pou mwen

II
Pa p gen lanmò ni maladi
Tout peche va fini
Jistis Kris va kouvri latè
Kon dlo kouvri lamè
Pou milan Kris va reye
Lepouz li avèk li
Tout ennmi l yo va detwi
Nan vale a. O! Wi.


English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/peace-in-valley.html
READ MORE - Va gen lapè nan vale a


Kache mwen nan woche ou a Segnè

I
Mwen vle kache m nan woche a
Mwen vle repoze anba lonbraj du tou puisan
Pa gen lòt kote ke m ka jwenn sekirite
Ke mwen genyen sèlman nan Jezi


Kache mwen nan woche ou a Segnè
Mwen pa gen pou m pè gwo van ak tanpèt
Fè m repoze nan patiraj ou a
Menm lè m ap mache nan vale danje yo
Mwen pa gen pou m pè anyen
Paske w avèk mwen

II
M' te pèdi san espwa nan mond sa a
Mwen t'ap mache san mwen pa t' konnen kote m prale
Men you jou sovè m nan te vini pran men mwen
E li te ban m refij anba zèl li
READ MORE - Kache mwen nan woche ou a Segnè


L rekonfòte m lè m boulvèse

| |

I
Se li m bezwen lè m vle yon moun pou mwen ka pale
Li toujou la pou l tande priyè m chak fwa m rele li
L'ap pran swen tout bezwen m yo
E li ka satisfè nanm mwen
Li se Segnè a, se li menm ke m bezwen


L rekonfòte m lè m boulvèse
Li pran swen traka m yo
L ranpli dezi kè mwen
Chak jou nan lavi m
Li se enspirasyon nanm mwen
Konsolasyon kè mwen
Li se tout pou mwen
Se li menm ke m bezwen

II
Se li m bezwen, m' pa vle repoze mwen sou lòt moun
Li s'on zanmi, yon pi bon zanmi ke yon frè mwen
Mwen ka depann mwen de Jezu
Ki se fòs nan lavi mwen
Li se Segnè a, se li menm ke m bezwen

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2013/03/he-comforts-me-when-im-weary.html
READ MORE - L rekonfòte m lè m boulvèse


Nan latè m soti

| Wednesday, April 9, 2008 |

I
Se yon favè
Yon gran favè
Bondye fè pou mwen
Li delivre m fè m soti nan lanmè
Li netwaye m
Ban m lavi
Lavi an abondans
E l pwomèt mwen l'ap avè m toulèjou


Nan latè m soti
Nan fimye m te ye
Men m konnen
Yon jou fò m ta chanje
Mwen pate janm anyen
Pa pran m pou anyen
Si w wè m'ap viv
Se gras a ou Segnè

II
M pa gen enpòtans
Twòp enpòtans
Mwen panse ke m genyen
Vye kò sa a pa gen twòp asirans
An n travay vit
Travay pi vit
Paske jou yo si kout
O! Segnè, fè m byen konte jou m yo
READ MORE - Nan latè m soti


Nanm mwen chante

| Tuesday, April 8, 2008 |

Lè mwen sonje
Bondye bay sèl pitit li
Pou l vin mouri
Se sa a ki touche kè m
Sou bwa kalvè
Li pote tout fado mwen
San li koule
Pou wete tout peche m

Nanm mwen chante
Nan ou Bondye puisan
"Ala ou gran!" (2x)

Lè Kris parèt
Zanj yo va admire li
La pran m nan syèl
Nan rejwisans tout tan
M'a pwostène m
Nan pye l pou adore li
E pwoklame
"Bondye ala ou gran!"


English: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/05/how-great-thou-art.html
Francais: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/05/dieu-tout-puissant.html
READ MORE - Nanm mwen chante


O Se Pèp Sa a Ki Va Fòme Chèn Lepouz La a

I
M' wè yon gwo sign ki te parèt sot nan syèl la a
Yon fanm anvlope ak limyè solèy la a
E kouvèti douz apot te repoze sou tèt li
Fanm sa a te pati an venkè pou venk
Tribilasyon te frape yo sou chemen an yo jwenn lamò


O se pèp sa a ki va fòme chèn lepouz la a
Ki va mare Satan, ledyab pou milan
Nou kwè lennmi an pral pèdi puisans jodi a
Ak pyè presyez Bondye yo

II
Gen ladan yo k' te lapide pou temwayaj sa a
Pou glwa Bondye te ka jwenn plas nan lavi yo
Konsa nou va suiv menm lut sa a
Pou n eritye pwomès li yo
Yon rekonpans kò anjelik ki prepare
Men ak sa a yo ki va venkè va eritye wòb fen len sa a

III
Li va parèt ankò sou twòn ki byen wo a
E limyè glwa l pral pi mèveye
Konsa nou va wè vrè pèp presye Bondye yo
Ki te lite konbat pou pèfeksyon
Se va yo menm ki va konplete vrè nonb lepouz la a
READ MORE - O Se Pèp Sa a Ki Va Fòme Chèn Lepouz La a


Syèl La a Tou Ble

 (as sung by Armstrong Beauzil)

Syèl la a tou ble menm si w wè l parèt nwa
Menm si w wè l gri se yon tan k pral pase
Menm lè nyaj yo rasanble li tou ble
Ou ka wè l nwa, oubyen ou ka wè l ble
Depann kote w kanpe
Si w kanpe sou latè
Oubyen w kanpe anwo
Syèl la ble, li tou ble
Si w ta monte yon ti jan pi wo
Ou ta wè li, ou ta konstate
Syèl la toujou ble, li tou ble



Lè w nan pwoblèm
Syèl la a konn parèt tou nwa pou ou
Ou limite w dèy'on nyaj nwa
Dèyè nyaj nwa a gen solèy k'ap klere
Genyen nyaj gri, gen zetwal k'ap briye
Menm lè w ta wè li tou nwa gen limyè
G'on gran solèy k' ap briye pou tout moun

Syèl la toujou toujou ble frè mwen
Menm si w ta wè l ta sanble l nwa
Syèl la toujou ble

READ MORE - Syèl La a Tou Ble


M'ap kontinye kenbe Jezu

| |

Lè van tanpèt lavi a vini
Konn vle fè nou pèdi espwa
Men si nou kwè nan pwomès li yo
Li va fè wout sou chemen an
Lè van tanpèt lavi a vini
Konn vle fè nou pèdi espwa
N'ap kenbe mwen Jezu ki gen mak klou yo

M'ap kontinye kenbe Jezu
M'ap kontinye kenbe Jezu
M'ap kenbe men Jezu ki gen mak klou yo
Byen ke pye mwen fin fatige
Mwen va wè wout la klè devan m
M'ap kenbe men Jezu ki gen mak klou yo



English: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/07/ill-keep-holding-on-to-jesus.html
READ MORE - M'ap kontinye kenbe Jezu


Se Jezi granmèt la ki konn geri malad

I
Yon jou li t'ap mache, li rankontre dis ebre
E lè yo wè Jezi yo rele pitye pou yo
Menm lè a kè l touche li gen konpasyon pou yo
Li geri yo menm lè a e yo tout te pirifye


Se Jezi granmèt la ki konn geri malad
Li konn chase demon, e l' konn fè tout mirak
Jezi bon sovè a konn leve menm moun mouri
Menm tanpèt avèk van, li genyen pouvwa ou yo

II
Yon jou l' te sou lanmè avèk kèk nan disip yo
Yon tanpèt te leve, bak la prèt pou chavire
Disip yo pèdi fwa, yo rele mèt n'ap peri
Li leve men l' anlè, li di van an fè silans
READ MORE - Se Jezi granmèt la ki konn geri malad


Tout Sa k Bèl

| |

Tout sa a k' bèl,verite, bonè
Vini jwenn nou nan non Jezi
Lasante ak lesyèl, lapè ak repo
Vini jwenn nou nan non Jezi
Kè kontan, rejwisans, mizèrikòd
E lavi pou letènite
Tout sa a nou t'ap tann
Tout sa a nou gen bezwen
Vini jwenn nou non Jezi

O! O! O! Jezi, Jezi
Li la a, e l' va montre n' chemen an

O! O! O! Jezi, Jezi
Li se tout sa n' bezwen jodi a


English version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2012/06/all-in-name-of-jesus.html
READ MORE - Tout Sa k Bèl


Tiens Moi Seigneur et Guides Mes Pas

| Saturday, April 5, 2008 |

I
Tiens moi Seigneur et guides mes pas
Que ton amour sois toujours dans mon coeur
Que mes lèvres célèbrent la louange de ta gloire
Remplis mon coeur de ta grace, Seigneur

II
Merci Seigneur pour ton grand amour
Merci Seigneur pour les jours de ma vie
Merci pour ton salut et pour ton esprit
Merci Seigneur, Merci pour toujours

III
Je cherche ta face, tu es mon secours
Mon seul espoir, oh aie pitié de moi
Sonde moi, éprouve moi
Enseigne moi tes voies
Oh Eternel, j'implore ton secours
READ MORE - Tiens Moi Seigneur et Guides Mes Pas


Mwen wè yon nyaj k'ap leve

| |

I
Sou tèt mon kamèl, Eli monte
Voye sèvitè a al gad sa li te wè
Li te kouche atè a pou l priye
L'ap tande bri lapli a k'ap vini


Mwen wè yon nyaj k'ap leve pou larye sezon an
Mwen wè yon nyaj k'ap leve nan non Jezu
Nyaj lapli larye sezon k'ap leve
Pa ministè Bondye nan non Jezu

II
Sèt fwa l te gade epi l te wè
Yon ti nyaj k'ap leve an fòm yon men
Li te konte senk dwèt yo ladan l tou
Ti nyaj sa a li te wè se te yon fòm

III
Apot e pwofèt ak doktè tou
Evanjelis e pastè yo landann tou
De lòt yo te ajoute pou fè sèt
E lòt yo te chita nan twazyèm syèl
READ MORE - Mwen wè yon nyaj k'ap leve


Labels

Blog Archive