Labels

About Me

Mwen konnen l vivan

| Thursday, April 10, 2008 |

I
Bondye voye pitit li, li rele Jezu
Ki te vini e padone n
Li rachte nou, e li mete nou lib
Kounye a li ak Papa l ap rete tann nou


Mwen konnen l vivan
M'ap konte sou demen
Paske l vivan enkyetid yo ale
Paske m konnen, O! M konnen.
Li se tout lavi mwen
M'ap konte jou pou l vin chèche m
Paske l vivan

II
Mwen aksepte tout sa a ki rive mwen
Paske Sovè m ap defann mwen
Jouden an mèt devan m kè mwen p ap boulvèse
Paske Jezu m nan p ap mouri e li vivan

III
Tout espwa mwen se sou li sèlman
Paske li di m l'ap vin chèche m
Eprèv nan lavi sa a p ap fè m twouble ditou
Bondye m nan gran e li vivan m'ap ret tann li

English Version: http://bocsonglyrics.blogspot.com/2011/10/because-he-lives.html


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive