Labels

About Me

O Se Pèp Sa a Ki Va Fòme Chèn Lepouz La a

| Tuesday, April 8, 2008 |

I
M' wè yon gwo sign ki te parèt sot nan syèl la a
Yon fanm anvlope ak limyè solèy la a
E kouvèti douz apot te repoze sou tèt li
Fanm sa a te pati an venkè pou venk
Tribilasyon te frape yo sou chemen an yo jwenn lamò


O se pèp sa a ki va fòme chèn lepouz la a
Ki va mare Satan, ledyab pou milan
Nou kwè lennmi an pral pèdi puisans jodi a
Ak pyè presyez Bondye yo

II
Gen ladan yo k' te lapide pou temwayaj sa a
Pou glwa Bondye te ka jwenn plas nan lavi yo
Konsa nou va suiv menm lut sa a
Pou n eritye pwomès li yo
Yon rekonpans kò anjelik ki prepare
Men ak sa a yo ki va venkè va eritye wòb fen len sa a

III
Li va parèt ankò sou twòn ki byen wo a
E limyè glwa l pral pi mèveye
Konsa nou va wè vrè pèp presye Bondye yo
Ki te lite konbat pou pèfeksyon
Se va yo menm ki va konplete vrè nonb lepouz la a


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive