Labels

About Me

Nou Gen Yon Jwa K'ap Ret Tann Nou

| Thursday, April 17, 2008 |

I
MENM LÈ NOU JWENN GWO VAN
K'AP TRAKASE NANM NOU
SE POU N DISPOZE
PRAN SOUFRANS YO
WI MWEN TANDE YON VWA K PALE
KI FÈ’M KONNEN
G’ON JWA ETENEL KAP RET TANN NOU


KAP TANN NOU
PA NAN MOND SA A
N PRAL SANTI N BYEN
SAN PECHE
CHAN VIKTWA SA A
YO NAN SYÈL LA
NOU VENKÈ YO KI VA LA a
AK LA FWA AN N KOURI VIT
AVÈK TOUT SPLANDÈ JOU YO
DOUT AK KRENT DISPARÈT
N VA KONNEN
N TE KONNEN

II
AN NOU TOUJOU DISPOZE
POU TÈS N’AP PASE
AVÈK PAWOL MINIS BONDYE YO
NAN YON TI TAN NOU VA DEMERE
NAN GLWA LI
G’ON JWA ETENEL
K'AP RET TANN NOU


NOU GEN YON JWA
K'AP RET TANN NOU
PA NAN MOND SA A
KOTE NOU TOUT
PRAL SANTI NOU BYEN SAN PECHE
BÈL CHAN VIKTWA SA-A
ZANJ YO NAN SYÈL LA A
SE NOU VENKÈ YO KI VA LA A
NOU PÈP BONDYE AVÈK LA FWA
AN N KOURI VIT
NWIT LA PRAL PASE
AVEK TOUT SPLANDÈ JOU YO
P'AP GEN DOUT AK KRENT
YO PRAL DISPARÈT
E NOU VA KONNEN
WI N TE KONNEN


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive