Labels

About Me

N'ap tann toulèjou

| Thursday, April 10, 2008 |

I
Isi ba nan lemonn sou tè etranje
Nou se pèleren n'ap vwayaje
Avèk yon chay doulè
Tout moun meprize
N'ap tann yon bèl site anwo a


N'ap tann toulèjou
Tann yon bèl site
La a pa p gen mouri
Jamè non jamè
Avèk tout sen yo
Tout sen venkè yo
Pa p janm separe
Pou letènite
N'ap jwenn nan syèl la a
Avèk sovè a
La a nou tout ap jwenn
Ak tout venkè yo
Voye lespri ou
Ranpli yo Segnè
Kouvri yo Segnè
Ban n fòs pou n rive

(Alto & Bass)
N'ap tann yon bèl site
La a pa p gen mouri
Ak tout sen venkè yo
Pa p janm separe
N'ap jwenn ak sovè a
Ak tout venkè yo
Voye lespri w Segnè
Ban n fòs pou n rive

II
Kèk fwa n dekouraje
Kè nou atriste
Ka tout zanmi nou yo kite nou
Nou jwenn lakontantman
Nan bèl pwomès sa a
N'ap tann yon bèl site anwo a

III
Sou latè danje sa a
Nou pral toupatou
Nou konfye n nan lanmou sovè a
Byen ke nou etranje
Nan monn traka sa a
N'ap tann yon bèl site anwo a


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive