Labels

About Me

Se Jezi granmèt la ki konn geri malad

| Tuesday, April 8, 2008 |

I
Yon jou li t'ap mache, li rankontre dis ebre
E lè yo wè Jezi yo rele pitye pou yo
Menm lè a kè l touche li gen konpasyon pou yo
Li geri yo menm lè a e yo tout te pirifye


Se Jezi granmèt la ki konn geri malad
Li konn chase demon, e l' konn fè tout mirak
Jezi bon sovè a konn leve menm moun mouri
Menm tanpèt avèk van, li genyen pouvwa ou yo

II
Yon jou l' te sou lanmè avèk kèk nan disip yo
Yon tanpèt te leve, bak la prèt pou chavire
Disip yo pèdi fwa, yo rele mèt n'ap peri
Li leve men l' anlè, li di van an fè silans


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive