Labels

About Me

Ouvri zye m yo

| Thursday, April 10, 2008 |

I
Segnè voye sa a ki bon pou nanm mwen
Verite ou, mizèrikòd, fòs nan lavi mwen
Men kounye a tande kri tout priyè m yo
Chanje kè mwen, netwaye mwen
Montre m fas ou


Ouvri zye m yo, montre m fas ou
Fè m yon lòt moun ak lespri ou
Touche m ak gras ou, fè panse m yo
Ak tout sa a k nan mwen yon glwa pou ou
Mwen fikse zye m sou ou Segnè
Montre m fas ou

II
Kòman fè, Segnè, ou rele m zanmi ou?
M' mande w padon pou tout sa a m fè ou
Lave peche m yo
Lè m reveye, m wè m'ap janbe gwo dlo sa a
Men mwen devan w, m'ap imilye nan pye w, Segnè.


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive