Labels

About Me

Zanmi mwen sa ou vle Pou w ye nan tanp la a

| Thursday, April 10, 2008 |

I
Nan ti tan n'ap viv la a
Gen yon gran travay k'ap bati
Li bon pou nou konnen
Legliz Kris ap bati
Achitèk l'ap trase plan l
Fondasyon an deja fèt
Mason ap leve mi


Zanmi mwen sa ou vle
Pou w ye nan tanp la a
Eske w ta renmen
Pou w sèvi echafo
Se ta byen malere
Aprè yon si gran travay
Pou mwen pa ta yon pati
Nan lèv Kris la a

II
Materyo ap pare nan andwa diferan
Men sa pa anpeche yo rasanble ansanm
Lè lè a va rive
Pou ajustaj la fèt
Tout eleman yo va jwenn
Vrè plas yo trè fasil

III
Nan tout konstriksyon k'ap fèt
Pa Kris la diferan
Li depase tout imajinasyon lèzòm
Lòt ouvriye ap kopye
Sou li men se p'ap menm
An depi kiryozite
Yo p'ap janm fin konprann

IV
Malgre nonb ouvriye
Tout dwe travay nan lòd
Chak moun gen pou pran gad
Ak fason y'ap travay
Daprè lòd ki pase
Nou pa dwe tande bri
Poutan travay l'ap mache
Sa a se yon gran mistè


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive