Labels

About Me

L rekonfòte m lè m boulvèse

| Thursday, April 10, 2008 |

I
Se li m bezwen lè m vle yon moun pou mwen ka pale
Li toujou la pou l tande priyè m chak fwa m rele li
L'ap pran swen tout bezwen m yo
E li ka satisfè nanm mwen
Li se Segnè a, se li menm ke m bezwen


L rekonfòte m lè m boulvèse
Li pran swen traka m yo
L ranpli dezi kè mwen
Chak jou nan lavi m
Li se enspirasyon nanm mwen
Konsolasyon kè mwen
Li se tout pou mwen
Se li menm ke m bezwen

II
Se li m bezwen, m' pa vle repoze mwen sou lòt moun
Li s'on zanmi, yon pi bon zanmi ke yon frè mwen
Mwen ka depann mwen de Jezu
Ki se fòs nan lavi mwen
Li se Segnè a, se li menm ke m bezwen

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2013/03/he-comforts-me-when-im-weary.html


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive