Labels

About Me

Syèl La a Tou Ble

| Tuesday, April 8, 2008 |

 (as sung by Armstrong Beauzil)

Syèl la a tou ble menm si w wè l parèt nwa
Menm si w wè l gri se yon tan k pral pase
Menm lè nyaj yo rasanble li tou ble
Ou ka wè l nwa, oubyen ou ka wè l ble
Depann kote w kanpe
Si w kanpe sou latè
Oubyen w kanpe anwo
Syèl la ble, li tou ble
Si w ta monte yon ti jan pi wo
Ou ta wè li, ou ta konstate
Syèl la toujou ble, li tou ble



Lè w nan pwoblèm
Syèl la a konn parèt tou nwa pou ou
Ou limite w dèy'on nyaj nwa
Dèyè nyaj nwa a gen solèy k'ap klere
Genyen nyaj gri, gen zetwal k'ap briye
Menm lè w ta wè li tou nwa gen limyè
G'on gran solèy k' ap briye pou tout moun

Syèl la toujou toujou ble frè mwen
Menm si w ta wè l ta sanble l nwa
Syèl la toujou ble


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive