Labels

About Me

Pran men mwen

| Friday, April 11, 2008 |

Lyrics and melody by Nundia Louis for 12/2007 wedding at FGO

Ayè
Avan solèy la leve
Kè m t ap chèche
Kè w t ap chèche
Yon mòso ki te manke
Pou konplete n
Pou egeye n
Pou n di


Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

N va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye

II
Ala
Yon maten mèveye
Lè mwen leve
E w bò kote m
Se pa jwenn ke mwen jwenn ou
Se mirak Bondye
Nan lavi nou
Pou n di


Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

N va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye

(Forte)
Bondye te tande kri kè nou
LI FE N VIN YOUN
Pou n sèvi li

Nan lapèn, nan soufrans
Kè kontan ak lajwa
N va priye-e

Pou n rete ansanm
Jouk n al laka-ay!


(Piano)
Pran men mwen
M ap pran men ou
N va ede youn lòt
Grandi ansanm

(Forte)
N'va simonte
Tout eprèv yo ansanm
Nan renmen youn lòt
Nou va viv nan Bondye


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive