Labels

About Me

Nan latè m soti

| Wednesday, April 9, 2008 |

I
Se yon favè
Yon gran favè
Bondye fè pou mwen
Li delivre m fè m soti nan lanmè
Li netwaye m
Ban m lavi
Lavi an abondans
E l pwomèt mwen l'ap avè m toulèjou


Nan latè m soti
Nan fimye m te ye
Men m konnen
Yon jou fò m ta chanje
Mwen pate janm anyen
Pa pran m pou anyen
Si w wè m'ap viv
Se gras a ou Segnè

II
M pa gen enpòtans
Twòp enpòtans
Mwen panse ke m genyen
Vye kò sa a pa gen twòp asirans
An n travay vit
Travay pi vit
Paske jou yo si kout
O! Segnè, fè m byen konte jou m yo


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive