Labels

About Me

Kisa k kenbe m

| Sunday, August 12, 2012 |

I
Poukisa m renmen bliye
Sa Bondye fè pou mwen?
Eske li dwe mwen sa
pou mwen pa apresye l?
Mwen pa rekonesan
Ni m pa obeyisan
Gade eta mwen
Ki gran amou sa a?
Mwen pa menm ka konprann
Amou sa a ban m pwoblem
M pa merite sa a
M pa menm dign pou sa
Gad'on gran amou pou mwen


Kisa k kenbe m
Pou m pa ta sèvi
Gran Bondye m nan?
Pou sa m tande
Pou tout sa ke mwen wè
M pa ka reziste
Pa gen tan ankò
Mond sa a prale pase
Konfye w nan Bondye.

II
Menm si m pa wè anyen
pag'on lòt kote m ka ale
Ou fin gate m Segnè
M vle yon egzanp damou pou ou
Pa kite m twonpe ou
Lè eprèv yo vini
Fè m toujou ka louwe w
Pou tout sa w fè pou mwen
Ti soufrans sa a yo
Pa ta dwe detounen mwen
Mwen konn volonte ou
Vin avan tout bagay
Ke volonte w fèt nan mwen

video: http://www.youtube.com/watch?v=xw7PzGQWwIc&feature=share

This song is so deep and beautiful. Thank you sister Maggi and Annouchka Michel


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive