Labels

About Me

Konbyen Fwa

| Monday, August 20, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

Konbyen fwa m te wè frè m nan
Konbyen fwa m te lave pye l
Konbyen fwa m gade l nan je
Pou m di m renmen l ak tout kè mwen
Konbyen fwa frè m nan kriye
Mwen te kriye avèk li
Konbyen fwa frè m nan beni
Mwen te rejwi avèk li tou
Konbyen fwa m kache peche mwen
Konbyen fwa m jije frè m nan
Konbyen fwa m pale li mal
Jistan l dekouraje avèk mwen

Ede m Segnè pou m renmen frè m nan
Ede mwen pou m renmen pwochen m
Pou m ba li lamen, pou n grandi ansanm
E pou m fè l santi l
Nan vrè fanmi Bondye

Si m te jwenn yon chans nan lavi mwen
Si m te ka korije tout sa m te fè ki mal
Mwen t'ap chwazi yon frè
Mwen pa t trete twò byen
Mwen t'ap sipòte l
Sa se vre, si m jwenn chans
Mwen t'ap chwazi ede l,
Lè ou ede yon frè w, ou kab sove yon nanm
G'on bann peche k'ale, yo pa retounen
Sa se vre, si m jwenn chans
Si  Bondye te ban m yon chans
Si m ta rekòmanse tout sa m te fè ki mal
Mwen t'ap chwazi renmen frè m nan

Lyrics submitted by Sr. Marie J.


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive