Labels

About Me

Segnè Mwen Pwostène Devan W

| Monday, July 23, 2012 |

-I-
Men mwen devanw
Mwen imilye m sou men puisant Ou
Mwen rekonèt si m fè volonte w
Bonte w p'ap janm fini pou mwen
Malgre fòt mwen yo
Malgre epreuv mwen yo
Ou pa janm kite m sèl
Men w fè mwen wè
Si m la toujou
Sèke w g'on plan pou mwen

-Kè-
Segnè mwen pwostène devan w ak fado mwen yo
Mwen pa kapab kache ou pwoblèm mwen yo
Menm si m ta vle kache w yo
Tout efò m yo ta anven
Tout solitid sou visaj mwen ou wè yo

-II-
Se gras a ou
Segnè ki fè m'ap viv jodi a
Ban m plis krent ou ak Sentespri ou
Ki va ede m rive yon jou
M'ap enkyete mwen pou tout sa k'ap rive
Sou chemen m avèk ou
Men mwen chwazi pou m sèvi ou
Paske w g'on plan pou mwen


English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/dear-lord-i-bow-before-your-throne.html


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive