Labels

About Me

Pral G'on Rivyè K'ap Koule Nan Dezè A

| Saturday, July 21, 2012 |

I
Segnè kè n tann glwa ou
Pou lapli laryè sezon tonbe
Lè jwif ak janti pral ansanm
Nan legliz restore a
Yo p'ap janm separe ankò
Pèp Bondye a va youn
Lwanj yo va rive nan syèl
Volonte Bondye va fèt sou tè a


O pral g'on rivyè k'ap koule nan dezè a
E limyè syèl la pral briye
Tout latè pral ranpli avèk glwa li
Lemonn pral egziste pou tout tan

II
L pral soulaje moun ki dekouraje
Li pral fè avèg yo wè
E bwate yo va mache ankò
Li pral lage kaptif yo
Tout pòt prizon yo pral louvri
Tout peche yo pral padone
Lesegnè pral reye nan Siyon
Sa va yon glorye jou



English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/and-river-shall-flow-in-desert.html

Video: http://www.youtube.com/watch?v=mo1BgbcqsC8


Contribution from sister Maggi and Annouchka Michel


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive