Labels

About Me

Tonbe Damou

| Thursday, November 15, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

I
Li te renmen m lè m pa t anyen
Nan fon labou, g'on nonm ki wè m
Kon Izaak g'on amou pou Rebeka
Kon Absalòm g'on amou pou wa David
Men lè mond sa a t'ap kreye li te la a
Li te imole pou l bay lavi l
Wete peche mwen
Mwen pa konn pouki
Men g'on nonm nan syèl ki renmen mwen (bis)


Tonbe damou pou sila a k renmen avan an
M tonbe damou 
Mwen te tonbe damou pou sila a k wete peche m nan
M tonbe damou
Mwen te tonbe damou pou sila a k bay vi l pou mwen an
M tonbe damou 
Mwen p'ap janm kite anyen separe m ak li (bis)

II
Lè m nan fè nwa mwen pa ka wè
G'on men damou ki sipòte m
Kon yon bèje g'on amou pou mouton l yo
Kon wa David g'on amou pou Absalòm
Men lè m dezobeyi l
M'avèg, m pa ka wè
Gen yon men d'amou ki sipòte m
Lave peche m
Mwen pa konn pouki
Men g'on nonm nan syèl ki renmen mwen (bis)



0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive