Labels

About Me

Ou Pwouve

| Thursday, November 15, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)


Ou pwouve se ou k Bondye
Ou pwouve w s'on bon bèje
Ou pwouve ou gen kontwòl
Lè bagay yo mache mal
Ou pwouve ou toujou la a
Ou pwouve se ou k twone
Kèlke swa s'on lòt ta di
Menm si m ta ret dènye souf mwen
Se ou k Bondye

I
Lè n nan tristès, nou aflije
Lè n pa gen moun pou konsole nou
Jezi pwouve li
Lè tout ennmi soulve kont nou
Lè n pa gen moun pou pran defans nou
Jezi pwouve li
Lè nou san fòs, lè nou vin fèb
Pa kab lite, nou santi n sèl
Nou pa konn sa pou n fè nan moman sa yo
Jezi pwouve li

Li pwouve li, Jezi pwouve li
Lè l t'ap kreye syèl la ak tè a
Lè Bondye te bò kote l
Jezi pwouve l

II
Sonje Danyèl nan fòs lyon an
Pa t genyen pè, li pa t gen zam
Jezi pwouve li
Sonje Moyiz nan dezè a
Farawon dèyè l, lanmè devan li
Jezi pwouve li
Sonje Jozèf, y'abandone l
Jete l nan pui
Jezi pwouve li
Li pa t konn sa pou li fè nan moman sa yo

Li pwouve li, Jezi pwouve li
Lè l t'ap kreye syèl la ak tè a
Lè Bondye te bò kote l
Jezi pwouve l


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive