Labels

About Me

Si Ou Vle

| Monday, November 12, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

I
Ou menm ki di
Pa gen moun ki ka vin jwenn ou
Si Papa w pa atire li
Non, m pa janm wè moun ki suiv Jezi
Si pa t g'on bagay ki pase
Ou mèt eseye filozofi, li p'ap rive
Bondye! W'a fè m gras
Tann yon pyèj damou kite m tonbe ladan l (bis)
Met lespri w nan mwen
Pou m ka fè sa ki jis, sa ki pwòp, pi
Sèl si ou vle

-Kè-
Si w pèmèt m'ap konn sa k rele letènite
Si Bondye vle m'ap konn sa  k rele jistis Bondye
Si w dakò m'ap konn sa k rele lamou Bondye
Si ou vle m'ap konn sa ou vle
Si ou vle m'ap suiv Jezi

II
Sa fè m konprann
Pa gen moun ki ka sove
Si Bondye pa vizite li
Wi, mwen wè Jezi ak Papa l nan pòt la a
Y'ap tann moun ki tande vwa yo
Yo vin ede nou chanje bagay yo
Vin libere nou
Bondye! W'a fè m gras
Tann yon pyèj damou kite m tonbe ladan l (bis)
Met lespri w nan mwen
Menm jan w te fè Moyiz, Kalèb, Jozye
Si ou vle


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive