Labels

About Me

Jwa Sa m Genyen An S'on Mistè

| Tuesday, November 20, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

Kòman w vle pou m eksplike w bagay ki yon mistè?
Kis'on sèpan pral konprann lè èg la ap vole?
Kis'on bouk prale konprann nan obeyisans brebi
Lè Bondye ap pale l'ap pale ak pèp li
Se pa fòt yo lemond p'ap konprann
Labib di nou s'on foli pou yo
S'on sajès ki preche pami pafè yo
Lespri Bondye sou mwen
Pwomès Bondye nan vi m
Jwa sa m genyen an s'on mistè

Sa se yon bagay ki te pase nan twazyèm syèl
Se pa t mwen, ni se pa t ou  k te kab deside sa a
Se Bondye k te gad nan lemond li di l'ap chwazi yon vrè pèp
Ki pote non l epi l'ap met lespri l sou yo
Se pa fòt yo lemonn pa janm ka resevwa lespri verite
S'on sajès ki preche pami pafè yo
Lespri Bondye sou nou
Pwomès Bondye nan vi nou
Jwa sa n genyen an s'on mistè


Jwa sa m genyen an...
Lè m pa gen lajan
Jwa sa m genyen an...
Lè m santi m sèl
Jwa sa m genyen an s'on mistè
S'on mistè
S'on mistè
S'on mistè
S'on mistèèèèèèè

Oh yeah! :)


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive