Labels

About Me

M pral di Papa m

| Sunday, November 18, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

I
Mwen nan yon kous
M'ape lite pou m wè si m'a rive
Men chemen an chanj'ak anbich ladan l
Sa a se travay plan lennmi an
Mwen wè gen sen k tonbe devan mwen
Sa lachè fin pèdi
Sa k fin dekouraje
Yo pran wout detounen
Men lè jou pa nou rive
Pou n afwonte ennmi an
Tanpri Papa a, pa kite n sèl
Entèsede pou nou

M pral di Papa m sa ledyab fè mwen
M pral rakonte l sa lachè fè mwen
Mwen g'on Bondye ki pa mèsene
M pral di Papa m (3x)


II
Anpil fwa nou manke Bondye
Nanm nou soufri de sa a
Men n remèsye l
Li pa janm lage nou sèl
Li ban n bèje l k'ap kondui nou
Nou wè gen sen k'ap lite devan mwen
Sa k'ap afwonte ennmi an
Sa k pa kwè nan defèt
Y'ap kouri avèk kè
Men lè jou pa yo rive
Pou y'afwonte ennmi an
Yo pa janm sèl
Yo g'on Bondye k'entèsede pou yo

M pral di Papa m kòman m te lite
M pral remèsye l pou viktwa l ba nou
Mèsi Bondye pou asistans ou
M pral di Papa m (3x)

M pral di Papa mwen tout sa m te pase


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive