Labels

About Me

Men Jezi Ak Lepouz Li

| Thursday, November 15, 2012 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

I
Elyezè monte chamo a pou l'al chache yon epouz
Abraram voye chach'on fam pou pitit li Izarak
Elyezè pandan l nan wout la, sèvitè a fè priyè sa a
Fam ki bay chamo yo dlo, m'ap chwazi l pou Segnè m nan


Alelouya men Jezi ak lepouz li (bis)
Alelouya (4x)
(2x)

II
Repons priyè Elyezè te rive jan l te wè l la a
Li te jwenn avèk Rebeka ki kondui l kay papa li
Laban mande Rebeka pou l rete yon ti tan ankò
Non m p'ap ka rete ankò mwen prale jwenn Segnè m nan


Nou prale wè li (bis). Nou pral rankontre l  (bis)
(Alelouya, nou prale wè Jezi ki te mouri sou lakwa, ki bay vi li pou nou an)
...Non m p'ap ka rete ankò
Mwen vle ale wè Segnè m nan


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive