Labels

About Me

Lè w wè montay yo vini pi wo

| Wednesday, February 27, 2013 |

I
Batime te yon avèg
K te chita sou wout la
Li t'ap mande yo pa t okipe l
Pandan tout moun t'ap pase
Pandan l chita li tande yon bri
Li mande: "Kisa ki genyen?"
Yo di li: "Se Jezi de Nazaret k'ap pase nan vil la"


Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon






II
Batime rele: "Jezi pitit David la gen pitye.
Sèlman touche mwen m'a wè
Souple geri m."
Disip yo di li: "Fèmen bouch ou la"
Men Batime te kriye pi fò
Li pèsiste jouk li te jwenn lavi
Li bay Bondye glwa e li suiv Jezi


Lè anpèchman yo bare wout ou
Lè yo di w tout espwa pèdi
Lè w santi ou dezole, Bondye konn restore
Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/07/jesus-rescues-me.html


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive