Labels

About Me

Plan Bondye P'ap Janm Chanje Pou Ou

| Sunday, April 29, 2012 |

Plan Bondye P'ap Janm Chanje Pou Ou
(as sung by Br. Armstrong Beauzil)

-I-
Zanmi mwen
M konn yon nonm
Ki pa janm chanje
Depi dè jenerasyon
Li toujou menm jan an
Ou te toujou tande de li
Men w poko konnen l
Ou mèt poze jis yo kesyon (2x)
Y'a pale w de li

-Kè-
Li p'ap janmen kite w nan bezwen
Li p'ap janmen kite w nan pwoblèm
Depi m fèt
Depi mwen vin vyeyi
Pa menm yon jis ki janm abandone
Sa se pawòl jis yo
Ou mèt poze kesyon
Y'a pale w de li
(2x)

-II-
Zanmi mwen
Lè w nan eprèv pa dekouraje
Kèk fwa l sanble li pa prezan
Ou vle dekouraje
Men frè mwen
Se yon gran Bondye
Li toujou prezan
Ou mèt frape ak pèsistans(2x)
L'a louvri pou ou

(Repete kè a)

Plan Bondye p'ap janm chanje pou ou
Lè l kòmanse se li k toujou fini
Si w gen fwa a mwatye
L'ap aji a mwatye
Men si w gen fwa ki san limit
W'a wè mèvèy li yo
Plan Bondye p'ap janm chanje pou ou


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive