Labels

About Me

Ou Diferan

| Thursday, April 26, 2012 |

Ou Diferan
(as sung by Armstrong Beauzil)


Ou diferan de tout lòt pechè yo ki sou lanmè a
Ou geri nanm nou
Ou sove n nan moman detrès
Sila a ki jwenn tèt li nan filè w la a
E k rete la a
Li asire jwenn yon plas pou lavi


Nan lanmè limanite gen yon pakèt bann pechè
Sa k'ap peche pou vant yo
Sa k'ap peche pou fè tèt yo plezi
Men yo youn pa ka bay lavi
Ou menm ou tèlman diferan
Nesans ou diferan
Vini w diferan
Ou menm ou diferan
Pa genyen tankou w
An verite, mwen di an verite
Nan tout moun ke m te konnen sou latè
Yo tout te g'on feblès
Yo tout te g'on lè yo pa t ka reponn
Vin rive yon lè menm tèt nou n' pa t' ka fè konfyans
Men ou menm
Lè m rapwoche ou
Lè m konprann ou plis
Lè m vin zanmi ou
Lè m vin fè m pati de ou menm
M'vin konprann ke w son nonm diferan


Ou diferan de tout lòt pechè yo ki sou lanmè a
Ou geri nanm nou
Ou sove n nan moman detrès
Sila a ki jwenn tèt li nan filè w la a
E k rete la a
Li asire jwenn yon plas pou lavi


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive