Labels

About Me

Padone Pwochen Ou

| Saturday, April 28, 2012 |

Kote w vle ale san mwen
Kote w vle m rive san ou
Jezi vle nou ret ansanm
Pou lespri nou ka brize
S'on devwa pou w sipòte m
S'on kòmandman pou m renmen w
Konsa n'a pwouve
Nou se vrèman pitit Bondye

-Kè-
Padone pwochen ou
Pou tout sa l te fè w
Pandan dèzane pase
Chèche lapè
Otan sa a posib
W'a eritye wayòm Bondye


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive