Labels

About Me

Li Te Tande Priyè m

| Tuesday, April 24, 2012 |

Tout nyaj yo fin pase
Men limyè jou klere
E solèy la leve
Pou sa m santi
M di: "Alelouya!"
Mwen konnen sa se vre
Daprè sa m santi nan kè m
Sovè m nan te tande priyè m.

Li te tande priyè m
Li konnen tout kri kè m
Li te ban mwen
Yon viktwa ki sèten
O wi m santi l avè m
Men jistis li nan kè m
M konnen Sovè m nan te tande priye

Men lennmi an vin di m
Nan figi m ke Kris mouri
Si chemen an vin di
Li p'ap aji
Glwa a Dye se manti
Mwen santi l'ap aji
M konnen Sovè m nan te tande priyè m


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive