Labels

About Me

Jozèf

| Monday, April 30, 2012 |

Jozèf
(as sung by Armstrong Beauzil)

-I-
Jozèf te byen jèn
Lè l te sot ka papa li
Pou l te sèvi esklav
Nan mezon Potifa
Jozèf pat gen byen
Jozèf pat savan
Men l te sèvi egzanp
Nan tout peyi Ejip
Jozef t'on esklav
Men l te panse kòm yon wa
Li te aji kòm yon jis
Devan papa li
Devan Bondye l la a

-Kè-
Jozèf! Jozèf!
Ou s'on nonm ki beni
Ou se pitit Bondye
Rekonpans li pou ou
Jozèf s'on nonm fidelite
Yon nonm senserite
Pou tout jenerasyon
Jozèf gen yon bagay
Yon ti moso Bondye
Li s'on nonm beni
Wi l s'on nonm beni

-II-
Jozèf pat gen byen
Jozèf pwospere
Se rekonpans Bondye
Poutèt fidelite l
Jozèf pat savan
Jozèf vin yon gran
Se rekonpans Bondye
Poutèt senserite l
Jozèf vin yon saj
Poutan l pa gen anpil laj
Sa se rekonpans Bondye
Fidelite l yo
Senserite l yo



Jozèf s'on nonm fidèl
Jozèf s'on nomn sensè
Jozèf s'on referans
Jozèf se yon egzanp
Jozèf se yon modèl
Jozèf, pitit Jakòb
Jozèf! Jozèf!
Siman w tou pre Bondye
Jozèf, ou s'on nonm ki beni
Ou s'on nonm beni
Ou s'on nonm ki beni
Ou s'on nonm ki beni


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive