Labels

About Me

Pèsonn pa janm renmen mwen kon Jezi

| Saturday, September 8, 2012 |

I
Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen
Depi mwen te jwenn li pou bon zanmi mwen
Mwen ta vle di w jan lavi m chanje konplètman
E jan vi mwen te ranpli ak kontantman


Pèsonn pa janm renmen mwen kon Jezi
Pa gen yon lòt bon zanmi kon li
Nanpwen lòt ka blanchi peche m ki wouj anpil
O ala li te renmen m

II
Vi m te tou sal ak peche lè Jezi jwenn mwen
Kè m te plen ak mizè tèt mwen te chaje
Men nan gras amou li Jezi te sove mwen
E li te mennen m kote m te dwe ale

III
Chak jou li vin jwenn mwen pou li ban m asirans
Jou aprè jou mwen pi konprann amou li
Men m pap janm konnen pouki li te vin sove m
Jouk lè nan syèl la m'a va kontre ak li

English version: http://bocsonglyrics.blogspot.mx/2012/09/no-one-ever-cared-for-me-like-jesus.html


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive