I 
Sou ki moun pou m konfye m 
Si se pa sou bon Sovè a
Sou ki moun pou m apiyem 
Lè eprèv yo vin anfas mwen
Li konn tout afè m
Se li k'ap gide m 
Pouki pou m pa konfye mwen
Nan yon sèl sovè a  
Kè
Segnè, kenbe men mwen
Kenbe men mwen
Kenbe men mwen
(2x)
Chemen an glise
E li difisil
Segnè si w kenbe men mwen
M konnen mwen va rive
II
sa pa di mwen anyen 
Si mwen fè yon chanjman de vi 
Men BonDye pale mwen
M pa moun isi 
Fòk mwen ale yon jou 
M'a kite vye kò peche sa a 
M'a chita ak papa mwen 
Nan bèl Jerizalèm
Submitted by Sr. Jamye Lumene and Yvena Elie Merville
Segnè kenbe men mwen
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
0 comments:
Post a Comment