Labels

About Me

An n fè wout la ansanm

| Thursday, October 11, 2012 |

I
Mwen konn si m pa renmen w
Mwen p'ap janm ka rive
Bondye mete n ansanm
Pou youn kapab ede lòt
M pa ka leve tèt mwen
Pandan m'ap imilye ou
Fò m cheche enterè w
Paske se sa Bondye mande.

Chorus
An n fè wout la ansanm
M pa vle yon kwa pou ou
M'ap fè efò pou m sipòte w
Renmen w ak tout kè mwen
Kite m kenbe men ou

II
Mwen konn li difisil
Pou m renmen w tankou tèt mwen
Paske egoyis mwen
Vle fè m wè tèt mwen sèlman
Men se nan lave pye w
M'ap kapab detwi nati sa a
Se nan rete avè w
M'ap kapab vin pi fò


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive