Labels

About Me

Sekle Lavi M

| Wednesday, October 5, 2011 |

(as sung by Armstrong Beauzil)

-1-
Lè pou bon bagay leve
Fòk g'on semè k te plante
Raje leve pèsonn pa te plante
Sa se lespri nou Segnè
Ki chaje avèk fatra
Yon pakèt bann lòt bagay
Ki monte nan lespri nou

Mwen bezw'on semè pou lavi m
Pou  netwaye m
Pou kiltive m
Sekle lavi m

-Kè-
Sekle lavi m Segnè
(Sekle lavi m)
Sekle lavi m
(Sekle lavi m)Sekle lavi mwen Segnè
Wete tout sa k pa bon
Sekle lavi m Segnè
(Sekle lavi m)
Sekle lavi m
(Sekle lavi m)Sekle lavi mwen Segnè
Mete tout sa ki bon

-2-
Avan w wè yon nonm vin jis
Fòk g'on levanjil preche
Adan peche nou tout nou eritye li
Fòk g'on san ki te koule
Pou peche nou efase
Sa te pran yon nonm kon Kris
Deside bay vi l pou nou

Nou jwenn yon sovè pou nanm nou
Li restore n
Li afèmi n
Sekle lavi n


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive