Labels

About Me

MWEN WÈ YON NYAJ K’AP LEVE

| Wednesday, October 5, 2011 |

I
SOU TÈT MON KAMÈL ELI MONTE
VOYE SÈVITÈ L GAD SA’L TE WÈ
LI TE KOUCHE ATÈ POU’L PRIYE
KA’L TE TANDE BRI LAPLI K’AP VINI

SÈT FWA L TE GADE EPI L TE WÈ
YON TI NYAJ K AP LEVE ANFòM YON MEN
LI TE KONTE TOUT SENK DWÈT YO LADAN
NYAJ SA LI TE WÈ-A SE TE YON TIP DOM


MWEN WÈ YON NYAJ K’AP LEVE
POU LARYÈ SEZON
MWEN WÈ YON NYAJ KA’P LEVE
NAN NON JEZI
NYAJ LAPLI LARYÈ SEZON KAP LEVE
PA MINISTÈ BONDYE NAN NON JEZI


II
APOT AK PROFÈT AK DOKTÈ TOU
EVANJELIS AK PASTÈ YO LADAN TOU
DE LòT TE AJOUTE VI N FÈ SÈT
MEN DE LòT YO CHITA NAN TWAZYÈM SYÈL
DYE LE PÈ AK JEZI PITIT LI,
SAN YO LAPLI LARYÈ SEZON P'AP VINI
NAN 1 WA NYAJ SA LA NOU JWENN LI
BONDYE DI NAN MALACHI YO VA POU NOU

III
MEN TAN FIN RIVE E LI TOU PRÈ
LAPLI A VA TONBE SOU TOUT TÈ A
DON VA OPERE MIRAK VA FÈT
TOUT SA KRIS TE DI YO VA AKONPLI
LÈ MINIS YO MONTRE N VERITE SA A
NAN FOUNèZ K’AP CHOFE YO TOUT VA ALE
VA GEN GWO RÈL MÒ VA RESISITE
GLWA A DYE POU LAPLI LARYÈ SEZON.

IV
PISANS BÈT LA PRALE PARÈT TOU
LI VA ESEYE FÈ ANPIL BAGAY
MINIS BONDYE YO P'AP KRAPONNEN
KA SOVÈ A VA TOUJOU TOU PRÈ AK YO
NENPòT SA A Y'AP DI NAN SA Y'AP FÈ
YO VA KENBE JEZI KRIS KòM TÈT YO
LÈ Y'A NAN PRIZON Y'A LWE CHANTE
GLWA A DYE POU LAPLI LARYÈ SEZON



MWEN WÈ YON NYAJ K’AP LEVE
POU LARYÈ SEZON
MWEN WÈ YON NYAJ KA’P LEVE
NAN NON JEZI
NYAJ LAPLI LARYÈ SEZON KAP LEVE
PA MINISTÈ BONDYE NAN NON JEZI


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive