Labels

About Me

Mwen Ta Renmen Viv Tankou Abraram

| Wednesday, October 5, 2011 |

-1-
Malgre mwen toujou ape lite
Chak fwa m vle avanse lachè vle kontrarye m
Lè m gen yon kontra mwen vle onore
Se pou mwen pa janm kite w Bondye.

-Refren-
Mwen ta renmen viv tankou Abraram
Obeyi Bondye san poze kesyon
Ale nan lagè san mwen pa gen zam
Pou mwen ka venkè pou tout lòt nasyon.

-2-
Segnè, fè m yon nonm tankou frè Pòl
Ki te gade tout bagay tankou se te labou
Pou l fè ou plezi li bliye menm kò l
Jouk tan yo mete l nan prizon pou ou.


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive