Labels

About Me

G'on Lòt Zòn N'ap Rive Nan Bondye

| Friday, May 11, 2012 |

G'on Lòt Zòn N'ap Rive Nan Bondye
(as sung by Armstrong Beauzil)


-Kè-
G'on lòt zòn
N'ap rive nan Bondye
Lòt direksyon
Lòt dimansyon
N'ap atenn
Nou pral konnen'l
Nan wotè li
Nan lajè li
Pwofondè li
Gen yon lòt zòn
N'ap rive nan Bondye

-I-
G'on lòt zòn
N'ap monte nan Bondye
Lòt koneksyon
Lòt eksperyans
Nou pral fè
Nou pral wè li
Nan puisans li
Nan grandè li
Pèfeksyon li
Gen yon lòt zòn
N'ap touche nan Bondye

-II-
G'on lòt mouv
Nou pral fè ak Jezi
Lòt angajman
Konsekrasyon
Nou pral fè
Nou pral wè li
Ak Papa li
N'on ministè
Ak lepouz li
An n' prepare n
Pou n'ale avèk li


0 comments:

Post a Comment

Labels

Blog Archive